11
1 Anplis, ✡Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur la ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf a pèp yo. 2 Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki ✡bay move konsèy nan vil sa a, 3 k ap di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. ✡Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ 4 Akoz sa, ✡pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
5 Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske ✡Mwen konnen panse nou yo. 6 Nou te ✡miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
7 “ ‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ✡“Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. 8 Nou te ✡pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e ✡egzekite jijman kont nou. 10 Nou va ✡tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11 Vil la p ap yon ✡chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t ✡swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.” ’ ”
13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke ✡Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a ✡nou kon posesyon.’ ”
16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon ✡abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.” ’
17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ✡ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
18 “ ‘Lè yo vini la, yo va ✡retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire ✡kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka ✡mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va ✡mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
22 Epi cheriben yo te ✡leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 23 ✡Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. 24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.
Se konsa vizyon mwen te wè a, te ✡kite mwen. 25 Epi mwen te ✡di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.
✡ 11:1 Éz 3:12-14 ✡ 11:2 Sòm 2:1 ✡ 11:3 Jr 1:13 ✡ 11:4 Éz 3:4-17 ✡ 11:5 Jr 11:20 ✡ 11:6 És 1:15 ✡ 11:7 Éz 24:3-13 ✡ 11:8 Pwov 10:24 ✡ 11:9 Éz 5:8 ✡ 11:10 Jr 52:9-10 ✡ 11:11 Éz 11:3-7 ✡ 11:12 Éz 18:8-9 ✡ 11:13 Éz 11:1 ✡ 11:15 Éz 33:24 ✡ 11:16 Sòm 31:20 ✡ 11:17 És 11:11-16 ✡ 11:18 Éz 37:23 ✡ 11:19 Za 7:12 ✡ 11:20 Sòm 105:45 ✡ 11:21 Éz 9:10 ✡ 11:22 Éz 10:19 ✡ 11:23 Éz 8:4 ✡ 11:24 Trav 10:16 ✡ 11:25 Éz 2:7