10
1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ✡‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e ✡fè yon lach an bwa pou kont ou. 2 ✡Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te ✡taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. 4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, ✡Dis Kòmanman ✡ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. 5 Konsa, mwen te vire ✡desann kite mòn nan. Mwen te ✡mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. ✡La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. 7 ✡Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. 8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.✡ 9 ✡ Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
10 ✡“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
12 ✡“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, ✡renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se ✡pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak ✡tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 ✡Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 ✡Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e ✡pa kite kè nou di ankò.
17 ✡“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e ✡SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou ✡òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 ✡Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. ✡Kole kote Li, e ✡nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki ✡lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22 ✡Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
✡ 10:1 Egz 34:1 ✡ 10:1 Egz 25:10 ✡ 10:2 Det 4:13 ✡ 10:3 Egz 34:4 ✡ 10:4 Egz 34:28 ✡ 10:4 Egz 20:1 ✡ 10:5 Egz 34:29 ✡ 10:5 Egz 40:20 ✡ 10:6 Nonb 20:25-28 ✡ 10:7 Nonb 33:33-34 ✡ 10:8 Nonb 3:6; Det 17:12 ✡ 10:9 Nonb 18:20-24 ✡ 10:10 Egz 34:28 ✡ 10:12 Mi 6:8 ✡ 10:12 Det 6:5 ✡ 10:14 I Wa 8:27 ✡ 10:14 Sòm 24:1 ✡ 10:15 Det 4:37 ✡ 10:16 Lev 26:41 ✡ 10:16 Det 9:6 ✡ 10:17 Jos 22:22 ✡ 10:17 Rev 17:14 ✡ 10:18 Egz 22:22-24 ✡ 10:19 Lev 19:34 ✡ 10:20 Det 11:22 ✡ 10:20 Det 5:11 ✡ 10:21 Sòm 109:1 ✡ 10:22 Jen 46:27