12
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen ✡yon tan gwo twoub ✡jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2 ✡Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, ✡yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va ✡briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki ✡mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. 4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e ✡sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. ✡Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
5 Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. 6 Konsa youn te di a mesye ✡abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: ✡“Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te ✡leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ke li va pou ✡yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. 10 Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a ✡abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. 12 Beni se sila ki va tann, e rive jis nan ✡Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13 “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan ✡repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
✡ 12:1 Rev 7:14 ✡ 12:1 Jr 30:7 ✡ 12:2 És 26:19 ✡ 12:2 Mat 25:46 ✡ 12:3 Jn 5:35 ✡ 12:3 És 53:11 ✡ 12:4 És 8:16 ✡ 12:4 És 11:9 ✡ 12:6 Éz 9:2 ✡ 12:6 Dan 8:13 ✡ 12:7 Éz 20:5 ✡ 12:7 Dan 7:25 ✡ 12:11 Dan 9:27 ✡ 12:12 Dan 8:14 ✡ 12:13 És 57:2