9
1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ✡ministè sa a pou sen yo, 2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ✡ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 3 Men mwen te voye frè yo, pouke ✡konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke ✡jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. 4 Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan ✡Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans ✡kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
6 Sonje, ✡sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk ✡regrè oubyen anba presyon, paske ✡Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
✡“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka ✡anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi ✡bezwen a sen yo, men va osi pou debòde ✡atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ✡ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou ✡don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
✡ 9:1 II Kor 8:4 ✡ 9:2 II Kor 8:10 ✡ 9:3 II Kor 7:4 ✡ 9:3 I Kwo 16:2 ✡ 9:4 Wo 15:26 ✡ 9:5 Jen 33:11 ✡ 9:6 Pwov 11:24 ✡ 9:7 Det 15:10 ✡ 9:7 Egz 25:2 ✡ 9:9 Sòm 112:9 ✡ 9:11 I Kor 1:5 ✡ 9:12 II Kor 8:14 ✡ 9:12 II Kor 1:11 ✡ 9:13 Wo 15:31 ✡ 9:15 Wo 5:15