6
Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vrè lanmou an nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
11  Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12 Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13 Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp la a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17  Konsa,
“ ‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18  Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
6:1 I Kor 3:9 6:2 És 49:8 6:3 I Kor 8:9,13 6:4 Trav 9:16 6:5 Trav 16:23 6:5 I Kor 4:11 6:6 I Kor 2:4 6:7 I Kor 2:5 6:7 II Kor 10:4 6:8 I Kwo 4:10 6:9 II Kor 1:8,10 6:10 Jn 16:22 6:10 II Kor 8:9 6:11 Éz 33:22 6:12 II Kor 7:2 6:13 I Kor 4:14 6:14 Ef 5:7-11 6:15 I Kor 10:21 6:16 Egz 29:45 6:17 És 52:11 6:18 II Sam 7:14