16
Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine. Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la; Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10 Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12 Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13  Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo). 16 Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19 Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21 Salitasyon de pwòp men pa m——Paul. 22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an! 23  Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.
16:1 Trav 24:17 16:2 II Kor 9:4 16:3 II Kor 3:1 16:5 Trav 19:21 16:6 Trav 15:3 16:7 II Kor 1:15 16:8 Trav 18:19 16:9 Trav 14:27 16:10 I Kor 4:17 16:10 I Kor 15:58 16:11 Trav 15:33 16:12 Trav 18:24 16:13 Mat 24:42 16:14 I Kor 14:1 16:15 I Kor 1:16 16:15 Wo 15:31 16:16 I Tes 5:12 16:17 II Kor 11:9 16:18 Fil 2:29 16:19 Trav 18:2 16:19 Wo 16:5 16:20 Wo 16:16 16:21 Wo 16:22 16:22 Fil 4:5 16:23 Wo 16:20