10
Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; e yo tout te manje menm manje lespri a. Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la. Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a. Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri. 15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. 16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21  Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
23  Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25  Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26  “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32  Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.
10:1 Egz 13:21 10:2 Wo 6:3 10:3 Egz 16:4,35 10:4 Egz 17:6 10:5 Nonb 14:29,37 10:6 Nonb 11:4,34 10:7 Egz 32:6 10:8 Nonb 25:9 10:9 Nonb 21:5 10:10 Nonb 16:49 10:11 Wo 4:23 10:11 Wo 13:11 10:12 Wo 11:20 10:13 I Kor 1:9 10:13 II Pi 2:9 10:14 I Kor 10:7,19 10:16 Mat 26:27 10:17 Wo 12:5 10:18 Lev 7:6,14 10:19 I Kor 8:4 10:20 Det 32:17 10:21 II Kor 6:16 10:22 Det 32:21 10:22 Ekl 6:10 10:23 I Kor 6:12 10:23 Wo 14:19 10:24 Wo 15:2 10:25 Trav 10:15 10:26 Sòm 24:1 10:27 I Kor 5:10 10:27 Luc 10:8 10:29 Wo 14:16 10:30 Wo 14:6 10:31 Kol 3:17 10:32 Trav 24:16 10:33 Wo 15:2