6
Malè a sila ki alèz nan Sion yo,
e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,
mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,
a sila lakay Israël konn vini yo.
Ale janbe kote Calné pou gade.
Soti la rive Hamath Gran an,
pou desann kote Gath de Filisten yo.
Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?
Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
Malè a nou ki konn ranvoye jou malè!
Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,
e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
sila ki enpwovize ak son ap la,
ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,
malgre sa, yo pa kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.
Banbòch a sanzave yo va sispann.
Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,
SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:
“Mwen rayi awogans a Jacob la,
e Mwen deteste sitadèl li yo.
Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”
Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete
nan yon kay, yo va mouri.
10 Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”
 
11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande
pou gwo lakay la vin kraze nèt,
e ti kay la an ti mòso.
12 Èske cheval konn kouri sou wòch,
oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?
Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon
e fwi ladwati vin anmè nèt.
13 Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen,
epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj
nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon
kont nou, O lakay Israël,”
deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;
“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath
pou rive jis nan flèv Araba a.”
6:1 Egz 19:5 6:2 Jen 10:10 6:3 És 56:12 6:4 Éz 34:2,3 6:6 Éz 9:4 6:7 És 13:10; Am 7:11,17 6:8 És 13:10; Lev 26:30 6:10 I Sam 31:12 6:10 Jr 44:26 6:11 És 55:11 6:11 II Wa 25:9 6:12 I Wa 21:7-13 6:13 Job 8:14,15