4
Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li,
“Gade byen, jou yo ap vini sou nou,
lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann,
e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
Nou va sòti atravè brèch miray yo,
nou chak tou dwat devan li a,
e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
“Antre nan Béthel pou fè peche;
nan Guilgal pou miltipliye peche yo!
Pote sakrifis nou yo chak maten,
dim nou yo chak twa jou.
Ofri yon ofrann remèsiman,
sitou sa ki gen ledven ladan,
epi pwoklame ofrann bòn volonte yo.
Fè l parèt wo pou moun wè!
Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,
fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
“Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye
nan tout vil nou yo,
ak mank pen tout kote.
Malgre sa, nou pa t retounen
vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann
pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.
Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil
pandan Mwen te refize li nan yon lòt.
Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t
resevwa lapli a te seche.
Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan
yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,
deklare SENYÈ a.
Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni;
epi cheni te devore jaden ak chan
rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou,
tankou sa ki te konn rive an Égypte yo.
Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe,
e te retire cheval nou yo.
E Mwen te fè movèz odè kan ou
monte antre nan nen nou.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
11 “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt,
jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe.
Nou te tankou yon bout bwa byen cho
ki te rache soti nan dife;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël!
Paske se sa Mwen va fè ou;
prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.
13 Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo,
ki kreye van an,
e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo;
sila ki fè jou leve nan fènwa a,
e ki foule wo plas sou latè yo;
SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”
4:1 Sòm 22:12 4:2 És 37:29; Jr 16:16 4:3 Jr 52:7 4:4 Nonb 28:3 4:5 Lev 7:13 4:5 Lev 22:18-21 4:6 És 3:1 4:7 Det 11:17 4:8 I Wa 18:5 4:8 Jr 3:7 4:9 Det 28:22 4:9 Jl 1:4,7 4:10 Jr 11:22 4:10 Jl 2:20 4:11 Jen 19:24,25; So 3:2 4:12 És 32:11 4:13 Job 38:4-7 4:13 Dan 2:28,30