27
Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius. Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè. Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie. La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake. Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone. Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo. 10 Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
11 Men santenye a te plis enfliyanse pa pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo. 12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
13 Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la. 14 Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te vin vole sou yo. 15 Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
16 Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl. 17 Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
18 Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van a, yo te kòmanse vide chaj yo pote nan lanmè. 19 Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo. 20 Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
21 Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo. 22 Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. 23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila ke m sèvi, te kanpe devan mwen. 24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25 Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. 26 Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
27 Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè. 28 Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas. 29 Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive. 30 Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo, 31 Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
32 Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
33 Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen. 34 Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.” 35 Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje. 36  Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje. 37 Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz moun. 38 Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa voye ble nan lanmè a.
39 Lè jounen an te vin rive yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib. 40 Konsa, yo te jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la. 41 Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.
42 Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
43 Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè, 44 epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a.
Konsa li te rive, ke yo tout te vin rive sof atè.
27:1 Trav 18:2 27:2 Trav 19:29 27:3 Trav 27:43 27:3 Trav 24:23 27:4 Trav 4:36 27:5 Trav 21:39 27:6 Trav 28:11 27:7 Trav 2:11 27:8 Trav 27:13 27:9 Lev 16:29-31 27:10 Trav 27:21 27:11 Rev 18:17 27:12 Trav 2:11 27:13 Trav 27:8 27:14 Mc 4:37 27:17 Trav 27:26,29 27:18 Jon 1:5 27:21 Trav 27:10 27:22 Trav 27:25,36 27:23 Wo 1:9 27:24 Trav 23:11 27:25 Trav 27:22,36 27:26 Trav 27:29 27:26 Trav 28:1 27:29 Trav 27:17,26 27:30 Trav 27:16 27:34 Mat 10:30 27:35 Mat 14:19 27:36 Trav 27:22,25 27:37 Trav 2:41 27:38 Jon 1:5 27:39 Trav 28:1 27:40 Trav 27:29 27:43 Trav 27:3 27:44 Trav 27:22,31