25
Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.
Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.
Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè. “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”
Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.
Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.
Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”
Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”
10 Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an. 11 Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”
12 Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”
13 Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive Césarée pou prezante omaj yo a Festus. 14 Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te kite kòm prizonye. 15 Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li.
16 “Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo. 17 Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen. 18 Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a. 19 Yo te senpleman gen kèk pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan. 20  Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo. 21 Men lè Paul te fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.”
22 Answit Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”.
Li te reponn: “Demen ou va tande l”.
23 Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.
24 Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke li pa t dwe viv ankò a. 25 Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.
26 “Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri. 27 Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.”
25:1 Trav 23:34 25:2 Trav 24:1 25:3 Trav 9:24 25:4 Trav 24:23 25:6 Mat 27:19 25:7 Trav 24:13 25:8 Trav 6:13 25:9 Trav 12:3 25:10 Mat 27:19 25:11 Trav 25:21,25 25:13 Trav 8:40 25:14 Trav 24:27 25:15 Trav 24:1 25:16 Trav 25:4 25:17 Mat 27:19 25:19 Trav 18:15 25:20 Trav 25:9 25:21 Trav 25:11 25:22 Trav 9:15 25:23 Trav 25:13 25:24 Trav 25:2,7 25:24 Trav 22:22 25:25 Trav 23:29 25:25 Trav 25:11